Haitian Creole language "Welcome" graphic featuring globe and book icons.

Resous nan Plizyѐ Lang nan Bibliyotèk Piblik New York la

Nou tout ki la, men Bibliyotѐk Piblik New York la! Atravѐ 92 sikisal nou yo nan Bronx, Manhattan, ak Staten Island, nou louvri pòt pou oratѐ ak lektѐ nan yon pakѐt lang. Bibliyotѐk la pran angajman pou l ede tout moun pwofite sѐvis ak resous gratis nou yo, pou moun tout laj. Fè yon kak bibliyotѐk, enfòme w sou diferan sѐvis nou yo, chѐche katalòg la, ak anpil lòt bagay nan diferan lang moun pale nan mond lan.

Enfòmasyon yo disponib nan: English, español中文, Русский, বাংলা, العربية, Français, 한국어, اردو日本語, Italiano.

Aprann yon Lang Gratis gras ak Kat Bibliyotèk Ou a!

Royal blue background with gold outline of a globe with latitude and longitude lines

Jwenn yon Kat Bibliyotèk Gratis Jodi a!

Avèk yon kat bibliyotèk nimerik, ou jwenn aksè gratis ak yon pakèt resous nimerik Bibliyotèk la—ki gen ladann liv elektwonik, bazdone, resous edikatif, ak anpil lòt bagay nan lang moun pale nan mond lan.

Eksplore
In front of a bookshelf, a hand holds an NYPL card that with a lion logo and text that reads: New York Public Library, Knowledge Is Power.

Chѐche Katalòg NYPL la nan Lang Moun Pale nan Mond lan

Filtre katalòg la pou w dekouvri liv, mizik, ak DVD nan lang pa w la.

Eksplore
Maroon and cream-colored icon of a hand taking a book off a shelf, with a lavender background.

Resous Aprantisaj pou Timoun ak Adolesan nan NYPL

Bibliyotѐk Piblik New York la disponib pou l sipòte timoun ak adolesan tout laj—epitou pou edikatѐ, paran, ak moun k ap bay swen—atravѐ pwogram ak resous gratis ki nan sikisal nou yo epi anliy. Eksplore tout sa Bibliyotѐk la gen pou l ofri timoun ak adolesan yo pandan tout ane a—soti nan lѐ pou rakonte istwa ak nan ѐd gratis pou fè devwa rive nan opòtinite peyan pou adolesan, zouti aprantisaj, ak amizman, aktivite enteresan pou ede w devlope w kapasite w yo. Enfòmasyon ak kѐk sѐvis disponib nan yon gran kantite lang moun pale nan mond lan. Tanpri sonje enfòmasyon ki nan paj sa a te tradui elektwonikman.

Jwenn plis enfòmasyon
Light blue background featuring stylized illustrated icons of school supplies including items like an apple, a graduation cap, a calculator, and a ruler.

Resous Aprantisaj pou Adilt

Dekouvri yon gran kantite pwogram ak resous pou adilt nan NYPL, ki genyen ladan l Aprantisaj nan lang Anglѐ ak alfabetizasyon, kou sou teknoloji atravè pwogram TechConnect nou an, epi sèvis sou oryantasyon pwofesyonèl. Enfòmasyon ak kѐk sѐvis disponib nan yon gran kantite lang moun pale nan mond lan. Tanpri sonje enfòmasyon ki nan paj sa a te tradui elektwonikman.

Jwenn plis enfòmasyon
Library patrons participate in an ESOL class.

Eksplore Bibliyotѐk la gras ak Bloomberg Connects

Avèk gid nimerik nou an sou Bloomberg Connects, aplikasyon gratis pou atizay ak kilti a, dekouvri plis sou koleksyon, ekspozisyon ak resous Bibliyotèk la, ki genyen ladan l Ekspozisyon Polonsky sou Trezò Bibliyotèk Piblik New York la. Itilize aplikasyon an pou w eksplore Bibliyotèk la sou plas, oubyen nenpòt lòt kote w ye! Tradiksyon disponib via tradiksyon otomatik.

Jwenn plis enfòmasyon
Photo of a hand holding an iPhone in front of the original Winnie-the-Pooh stuffed bear; the iPhone screen shows a Spanish-language audio guide.

Jwenn yon Lokal NYPL

Bibliyotèk Piblik New York la gen 92 sikisal atravè Bronx, Manhattan, ak Staten Island. Jwenn sikisal ki pi prè w la kounya—epi, dekouvri sèvis Bibliyomobil nou an!

Jwenn Plis Enfòmasyon
Red rectangle with a white circle that contains a red icon of a library building facade.

Jwenn Èd

Mande si NYPL se biwo sipò ak asistans vityèl Bibliyotèk la. Èske w gen kesyon? Antre an kontak ak nou atravè imèl, tchat, telefòn, oswa mesaj tèks. Kontakte nou—nou la pou n ede w. 

Pou kote sa posib, n ap bay asistans nan yon gran kantite lang moun pale nan mond lan.

Jwenn Plis Enfòmasyon
Interior photograph of the Rose Main Reading Room which features an ornate mural on the ceiling, dark wood bookshelves and many rows of tables for researchers