Règleman sou Konfidansyalite Vi Prive (Privacy Policy) Bibliyotèk Piblik New York (New York Public Library)

 


Arabic | العَرَبِية  ·  Bengali | বাঙালি  ·  Chinese (Simplified) | 简体中文  ·  Chinese (Traditional) | 繁體中文  ·  English  ·  French | Français  ·  Haitian Creole | kreyòl ayisyen  ·  Korean | 한국어  ·  Polish | Polski  ·  Russian | Русский  ·  Spanish | Español  ·  Urdu | اُردُو


 

ke nou Revize: Jiyè 2021

1. Dwa ou genyen pou konfidansyalite vi prive ou

Konfidansyalite vi prive se yon bagay ki esansyèl pou egzèse dwa ekspresyon lib, panse lib, ak asosyasyon lib. Bibliyotèk Piblik New York (“NYPL” oswa “Bibliyotèk la”) pran angajman pou l pwoteje konfidansyalite vi prive w, kit ou se yon kliyan, yon vizitè ak/oswa yon donatè. Règleman Konfidansyalite Vi Prive sa a eksplike ki enfòmasyon nou kolekte nan men ou e poukisa.

Lè w itilize sitwèb nou an, lè w patisipe nan evènman nou yo, nan pwogram nou yo, lè w telechaje aplikasyon mobil nou yo, aksede bazdone nou yo, vizite yon etablisman Bibliyotèk oswa lè ou ba nou yon don, ou dakò ak règleman sa a.

Avèk konsantman w, ou dakò pou kite nou itilize adrès imèl ou ak/oswa nimewo telefòn ou ak adrès postal ou pou n kominike avè w konsènan pwogram, sèvis ak kòlèk fon nou òganize yo. Sepandan, konfòmeman ak lwa Eta New York (NY CPLR Seksyon 4509) ak angajman nou pran vizavi konfidansyalite vi prive w, enfòmasyon sou materyèl ou prete ak enfòmasyon ke w aksede yo rete konfidansyèl.

Règleman sou Konfidansyalite Vi Prive sa a ka chanje detanzantan e n ap afiche chanjman sa yo sou sitwèb nou an pou n avize w, donk nou ankouraje w tcheke mizajou yo detanzantan. N ap alète w lè gen chanjman materyèl ki fèt kidonk n ap mete dat dènye mizajou a sou règleman an, e n ap mete yon avi nan sitwèb nou an, n ap voye yon imèl pou ou, ak/oswa n ap fè sa nan yon lòt fason.

2. Ki enfòmasyon pèsonèl NYPL kolekte e kenbe, poukisa e kisa nou fè avèk li?

Nou kolekte enfòmasyon sou ou nan twa fason:

  • dirèkteman nan men w,
  • nan rejis rezo nou kolekte otomatikman; epi
  • atravè cookies.

Anjeneral nou konn kenbe enfòmasyon an pandan tout tan ke li nesesè pou Bibliyotèk la fonksyone nòmalman e pou nou founi pi bon sèvis Bibliyotèk yo. Nou ka kenbe kèk enfòmasyon nan sistèm estokaj an rezèv yo, nan fòm kopi di oswa konfòmeman ak lalwa. Nou kolekte diferan tip enfòmasyon nan men w selon jan w chwazi angaje sèvis Bibliyotèk nou an ak enfòmasyon ki nesesè a pou nou ba w aksè nan sèvis sa yo. Nou kolekte minimòm nou bezwen an sèlman pou n livre sèvis ou itilize a nan moman an e nou fè tout sa nou kapab pou retire li leplito ke posib lè nou gen opòtinite a.

2.a Enfòmasyon ou bay

Lè w anrejistre pou gen yon kont pou sèvis Bibliyotèk nou an oswa pou w gen yon kat Bibliyotèk, nou mande w pou pataje sèten enfòmasyon avèk nou. Si w enskri w avèk nou, nou ba w opòtinite pou revwa e, lè gen posibilite, pou fè mizajou, chanje oswa efase kèk enfòmasyon ou te ba nou. Men kijan w ka fè sa:

  • konekte w nan kont kat ou a nan sitwèb nou an
  • mande anplwaye nou yo ede w pa telefòn nan 1-917-ASK-NYPL
  • voye imèl pou nou nan gethelp@nypl.org
  • ale pèsonèlman nan yon etablisman Bibliyotèk la epi pale ak anplwaye nou yo

Si ou dezaktive kont kat bibliyotèk ou a oswa lè w efase enfòmasyon kle—tankou nimewo kat Bibliyotèk ou a—ou ka pap kapab kontinye itilize sèten sèvis Bibliyotèk la ki egzije w enskripsyon w pou itilize yo.

2.b Enfòmasyon nou kolekte ak kenbe otomatikman

Lè w itilize sèvis Bibliyotèk nou yo, tankou sitwèb nou an ak aplikasyon mobil nou yo, sèvè òdinatè nou yo otomatikman kapte ak sovgade enfòmasyon an elektwonikman sou izaj ou fè ak sèvis Bibliyotèk nou yo. N ap repete li ankò, nou asire pou nou kolekte sèlman kantite done minimòm ki nesesè pou sèvis nou yo fonksyone. Leplisouvan, nou pa kenbe done sa a; byenke pafwa nou konn gade done a onivo kolektif, nou pa konsantre nou sou oumenm antanke endividi. Pami egzanp enfòmasyon nou ka kolekte gen Adrès Pwotokòl Entènèt (Adrès Internet Protocol, IP) ki nan òdinatè ke w itilize a; lokalizasyon jeneral ou; tip the navigatè wèb ou itilize, sistèm fonksyònman an, oswa aparèy elektwonik la; dat la, lè a, ak dire vizit ou; sitwèb ou te vizite imedyatman anvan w te rive nan pwòp sitwèb nou; paj ou vizite yo nan sitwèb nou an; ak rechèch/demann ou fè oswa lòt done entèraksyon. Remake ke enfòmnasyon sa a, nou kapte li onivo kolektif e nou pa kapte l nan yon fason ki ka idantifyeyon endividi anpatikilye. Pou ka gen detay anplis sou tip enfòmasyon sa yo, tanpri gade nan paj Enfòmasyon ak Detay Anplis sou Konfidansyalite Vi Prive a.

Si w ap itilize yon aparèy Bibliyotèk la founi, nou ka anrejistre kòdba kat Bibliyotèk ou a tou, kantite tan ak dire sesyon w lan, ak sitwèb ou vizite yo. Si w ap itilize rezo Wi-Fi piblik nou an, nou, anplis de sa, ka kolekte tou adrès MAC la ak non aparèy Wi-Fi w la.

Cookies. Yon cookie se yon ti fichye done ke navigatè wèb ou a voye nan yon sèvè wèb epi li anrejistre sou òdinatè w la, oswa sou disk di aparèy elektwonik ou a. Se sitwèb yo ki kreye yo pou bay itilizatè yo yon eksperyans sou entènèt ki pèsonalize e ki souvan senplifye. Ou gen chwa pou dezaktive cookies yo si w vle. Si w pito, anjeneral ou kapab wete oswa rejte cookies navigatè yo nan reglaj ki sou navigatè w la oswa sou aparèy ou a. Yo regle laplipa navigatè wèb yo pou yo aksepte cookies pa defo. Sepandan fòk ou sonje ke lè w wete oswa rejte cookies, sa ka afekte disponibilite ak fason sèvis Bibliyotèk nou an fonksyone.

Kamera Sekirite yo: Pou ka gen plis enfòmasyon sou imaj ki nan kamera sekirite yo itilize nan bilding NYPLyo, tanpri gade paj Enfòmasyon ak Detay Anplis sou Konfidansyalite Vi Prive nou an.

2.c Dosye sikilasyon kliyan

Lè w kreye yon kont pou yon kat nan Bibliyotèk sikilasyon nou an, nou egzije pou w bay sèten enfòmasyon pèsonèl—tankou yon non, yon adrès, yon adrès imèl, nimewo telefòn, dat nesans. Nou kenbe enfòmasyon sa a nan dosye nou yo toutotan ou kenbe yon kont NYPL. Nenpòt kilè, ou kapab fèmen kont ou, alèkile sa pral efase enfòmasyon sa a nan sistèm sikilasyon nou an. Menm lè w gen yon kont Bibliyotèk ki an sikilasyon, sistèm nou yo kenbe sèlman enfòmasyon sou dosye materyèl ou prete nan peryòd tan nou prete w atik sa yo (liv, CD, elatriye). Epi depi pa gen okenn amann ou dwe sou materyèl ou prete yo, nou efase dosye materyèl ou prete yo dèke ou pote materyèl ou prete yo tounen.

Andeyò de sistèm sikilasyon nou an, gen lòt kote nan Bibliyotèk la—tankouResearch Division nou an, klas ak pwogramasyon NYPL yo, oswa atravè founisè tyès pati, elatriye—kote ke n ap kenbe oswa efase enfòmasyon w bay la selon diferan prensip. Gade, an patikilye, Seksyon 3 ("Founisè tyès pati yo ak sitwèb yo"), Seksyon 4.a ("Enfòmasyon pèsonèl NYPL itilize"), ak Seksyon 4.c ("Lè Ou Pataje Kontni ak Gran Piblik la").

3. Founisè tyès pati yo ak sitwèb yo

Byen souvan nou itilize founisè sèvis Bibliyotèk ki se tyès pati ak teknoloji ki pou ede nou ba w kèk nan sèvis nou yo, ikonpri sèvis katalogaj nou yo, sèvis anliy yo tankou bazdone, klas ak pwogram dijital, koleksyon dijital, kontni medyatik antan reyèl, kominikasyon pou ou, kolaborasyon, pwojè, elatriye. Nou pral fè tout sa nou kapab pou n fè w konnen lè nou itilize yon konpayi tyès pati pou livre sèvis nou yo. Sizoka ou ta deside itilize sèvis sa yo, nou ka gen pou n pataje enfòmasyon w ak tyès pati sa yo, men sèlman si l nesesè pou yo founi sèvis yo onon NYPL. Epitou nou ka afiche lyen ki mennen w nan sèvis oswa nan kontni tyès pati a. Lè w suiv lyen sa yo, ou ka byen bay kèk enfòmasyon (tankou enfòmasyon pèsonèl, men ki ka pa limite a sa yo sèlman, non w, non itilizatè w, adrès imèl ou ak modpas ou) dirèkteman bay yon tyès pati, ba nou oswa bay nou toulede.

Lè w itilize sèvis sa yo, sa vle di ke w ap rekonèt e ou dakò ke NYPL pa responsab pou fason tyès pati yo kolekte oswa itilize enfòmasyon w.

Kliyan Bibliyotèk yo byen konnen ke lè yo itilize sit adistans oswa sit founisè tyès pati, ke gen limit nan pwoteksyon sou konfidansyalite vi prive ke Bibliyotèk la ka garanti.

Nou fè tout sa nou kapab pou nou asire ke tyès pati yo konfòme yo ak Règleman sou Konfidandsyalite Vi Prive NYPL e nou asire nou ke yo konfòme yo ak Lwa sou Pwoteksyon Konfidansyalite Vi Prive Timoun Anliy (Children's Online Privacy Protection Act). Nou toujou siveye ak evalye vandè sa yo pou n asire ke règleman yo rete konfòm ak sa nou egzije de yo oswa ke antant fòmèl nou genyen avèk yo rete fòmèl.

Epitou nou fè tout sa nou kapab pou nou asire ke kontra, lisans, aranjman pou sèvis òdinatè andeyò sit la reflete règleman ak obligasyon legal nou yo konsènan konfidansyalite vi prive kliyan ak konfidansyalite done kliyan an.

Men kisa Bibliyotèk la mande pou founisè sèvis tyès pati yo fè:

  • Konfòme yo ak règleman konfidansyalite vi prive Bibliyotèk la.
  • Bay yon sèvis ki konfòm ak Lwa sou Pwoteksyon Konfidansyalite Vi prive Timoun Anliy.
  • Pa kenbe oswa pa pataje enfòmasyon anplis sou kliyan yo, apade enfòmasyon yo bezwen pou bay sèvis Bibliyotèk yo.
  • Pou yo gen yon règleman sou konfidansyalite vi prive ke yo afiche piblikman.

Kote nou negosye kontra pou itilize sèvis tyès pati, fòk sèvis sa yo kenbe prensip valè konfidansyalite vi prive nou tou.

Gen kèk sikonstans kote kondisyon itilizasyon yo pat negosye endividyèlman. Nan ka sa yo, nou fòme anplwaye ki pran desizyon fè acha sa yo pou yo konnen akisa nou atann nou konsènan konfidansyalite vi prive, epi yo rete vijilan pou asire ke sèvis yo sou menm liy ak valè nou yo.

Founisè sèvis tyès pati yo ka kolekte ak pataje enfòmasyon w yo, ikonpri:

  • Enfòmasyon pèsonèl idantifyab ke w bay volontèman. Enfòmasyon sa yo gen ladan yo enfòmasyon w te bay lè w enskri w pou aksede sit yo, lè w te bay opinyon w ak sijesyon w, lè w te mande enfòmasyon, oswa lè w te kreye kontni pataje.
  • Lòt enfòmasyon ke petèt ou ka pat bay volontèman, men ke yo ka itilize pou idantifye w, tankou Adrès Pwotokòl Entènèt (Adrès IP), istorik rechèch, done ki baze sou lokalizasyon ak enfòmasyon sou aparèy.
  • Done byometrik tankou rekonesans fasyal, rekonesans vokal. Pou ka gen plis enfòmasyon, tanpri gade nan paj Enfòmasyon ak Detay Anplis sou Konfindansyalite Vi Prive.
  • Enfòmasyon ki pa idantifye moun pèsonèlman. Pami yo gen piblisite sou paj ou vizite yo, analitik, enfòmasyon sou navigatè (tip enfòmasyon an ak lang lan), done cookies, dat/lè w te fè demann ou an, done demografik, tip materyèl/lojisyèl, done entèraksyon, domèn sèvè, paj ou gade ak paj wèb ou te vizite imedyatman anvan w vizite sit tyès pati a.
  • Lòt done jan sa dekri nan règleman konfidansyalite vi prive ak kondisyon itilizasyon founisè a.

Pou ka gen plis enfòmasyon sou sèvis sa yo ak jan de done ke yo kolekte ak pataje, ale nan paj wèb ki gen Kondisyon pou Itilizasyon Sèvis yo ak Règleman sou Konfidansyalite Vi Prive yo. Si w pa aksepte kondisyon pou itilizasyonsèvis yo ak règleman sou konfidansyalite vi prive tyès pati sa yo, ou ka chwazi pou w pa itilize sèvis yo. Tanpri, pran tan w pou li yo avèk atansyon.

Nou ankouraje w revize règleman sou konfidansyalite vi prive pou chak sitwèb tyès pati ou kominike avèk yo atravè sèvis Bibliyotèk nou an. Si w pa aksepte règleman sou konfidansyalite vi prive tyès pati sa yo, ou toujou ka chwazi pou w pa itilize sèvis yo.

Epitou Bibliyotèk la sijere kèk lyen pou ale nan sitwèb ekstèn ki pa sou kontra nou oswa ki pa dirèkteman sou kontwòl nou. Nan ka sa yo, ou pa oblije bay sit sa yo kat Bibliyotèk ou oswa w pa oblije ba yo okenn lòt enfòmasyon ki ka idantifye w pèsonèlman defason pou itilize sèvis yo.

4. Kijan yo itilize enfòmasyon pèsonèl mwen e kimoun ki ka aksede a enfòmasyon an?

4.a Enfòmasyon pèsonèl NYPL itilize

Toudepann de sèvis Bibliyotèk espesifik ou chwazi itilize yo, men kèk egzanp ki montre fason nou itilize enfòmasyon w defason pou n ba w sèvis sa yo.

Nou itilize:

  • Verifikasyon sou rezidans pou kat Bibliyotèk yo.
  • Enfòmasyon pèsonèl pou dosye Bibliyotèk la—tankou detay sou liv ou prete, biwo asistans ak demann referans, peman amann/frè, sondaj ak kanpay pwomosyonèl ak kanapy pou kòlèk fon.
  • Idantifyan pou Koneksyon yo, Kontni Pataje ak Cookies pou n ka bay sèvis amelyore e pèsonalize.
  • Lè w enskri w pou yon kat bibliyotèk dijital atravè aparèy mobil ou, nou tcheke lokalizasyon jewografik aparèy ou a pou nou verifye ke w nan zòn kote nou bay sèvis la. Nou pa estoke ni nou pa kenbe done sa a.

Pou ka gen plis egzanp ak detay, tanpri gade nan paj Enfòmasyon ak Detay Anplis sou Konfindansyalite Vi Prive.

4.c Enfòmasyon pèsonèl NYPL pataje

  • Lè Ou Pataje Kontni avèk Gran Piblik la. Si w chwazi pou pataje kontni oswa kòmantè atravè pwogram oswa sèvis anliy nou yo, Kontni Pataje a ka aksesib piblikman. Si w pa vle pataje kontni piblikman, ou ka itilize reglaj konfidansyalite vi prive pou limite sa w ap pataje (gade paj Enfòmasyon ak Detay Anplis sou Konfidansyalite Vi Prive pou ka gen plis enfòmasyon), men li pa mache toutan. Ou ka efase kèk kontni ke w pataje, sepandan gen kèk kontni pataje entèraktif ki ka pèsiste e ki ka asosye avèk ou ak/oswa kont itilizatè ou enskri a, menm apre ou fin fèmen kont ou an. Kidonk, ou fèt pou sonje sa lè w ap patisipe nan aktivite kontni pataje atravè sèvis Bibliyotèk nou an. Nou pral fè tout sa nou kapab pou sa ka klè anvan w kontribye (nan pwen soumisyon/patisipasyon): a) asavwa si enfòmasyon sa a ap vin piblik, epi b) asavwa si ou gen kontwòl sou kontni w yon fwa w soumèt li.
  • Sansibiliasyon pou Kòlèk Fon. Nou pa lwe oswa nou pa vann enfòmasyon pèsonèl ou, sepandan, jan yo abitye fè nan òganizasyon ki pa travay pou pwofi, nou pataje non ak adrès postal donatè nou yo (sèlman) avèk kèk lòt òganizasyon kiltirèl ki pa travay pou pwofi. Lè nou pataje enfòmasyon sa a ak lòt òganizasyon charitab ki gen bon repitasyon, se fason ki koute-mwen chè pou n ofri sèvis nou yo, kit se pou nouvo itilizatè, kit se pou ofri pataje pwogramasyon, ak atire nouvo donatè. Si w ta pito nou pa pataje enfòmasyon w ak lòt òganizasyon yo, (a) klike la a pou mande yo wete w nan echanj la, oswa (b) kontakteDevelopment Office la nan telefòn nan 212-930-0653 oswa nan imèl nan friends@nypl.org.
  • Envestisè ak Lòt Kontribitè. Byen souvan se sèlman sèten pwogram ak sèvis ke nou ka bay, paske nan leka kontrè nou pa ta kapab peye pou sa, e se gras ak jenewozite donatè, envestisè ak kontribitè nou rive fè sa. Pafwa fon sa yo depann de obligasyon NYPL genyen pou l konfòme l defason pou l rapòte donatè, envestisè oswa kontribitè. Si w patisipe nan pwogram ak sèvis opsyonèl sa yo, yo ka mete enfòmasyon w yo nan rapò sa yo. Lè se lizaj e lè li pratik, n ap ba w non envestisè ak kontribitè ki asosye ak pwogram e ak sèvis sa yo, ansanm ak done e ak enfòmasyon nou ka oblije patahe avèk yo, nan pwosesis enskripsyon an.

5. Se chwa w ak konsantman w

Ou ka jere pifò enfòmasyon ki nan kont itilizatè w ki enskri a oswa w ka mande yon anplwaye nou ede w pa telefòn nan 1-917-ASK-NYPL, pa imèl ou ka voye nan gethelp@nypl.org, oswa si w ale nan yon Bibliyotèk pèsonèlman epi w pale ak anplwaye nou yo. Sistèm estokaj enfòmasyon nou konfigire defason ki ede nou pwoteje enfòmasyon an pou pa gen okenn aksidan oswa okenn destriksyon malveyan. Se pou sa nou sovgade enfòmasyon nou kolekte yo tou, selon menm kondisyon ke nou dekri anwo yo, nan sistèm estokaj enfòmasyon an rezèv. Kidonk, kèlkeswa mizajou, chanjman, oswa kèlkeswa sa w efase nan enfòmasyon w oswa nan preferans ou yo, li gen dwa pa parèt imedyatman nan tout kopi enfòmasyon nou genyen yo e li ka pa soti nan sistèm estokaj enfòmasyon an rezèv nou yo jiskaske yo fè mizajou sou yo epi jiskaske yo ranplase yo.

Pou ka gen plis enfòmasyon sou chwa ak kontwòl sou enfòmasyon pèsonèl ou, tanpri, al gade nan paj Enfòmasyon ak Detay Anplis sou Konfidansyalite Vi Prive nou an.

6. Demann Legal yo

Pafwa lalwa mande nou pou nou pataje enfòmasyon w, tankou si nou resevwa yon asiyasyon, yon manda oswa yon lòd tribinal ki valab. Sizoka sa ta rive, n ap pataje enfòmasyon w si:

  • Lè nou fin revwa demann nan avèk anpil atansyon epi nou kwè ke asiyasyon an, manda a oswa lòd tribinal la valab, epi ke lalwa, ikonpri lwa leta ki aplike pou dosye Bibliyotèk yo egzije pou nou fè sa.
    OSWA
  • Se Bibliyotèk la ki se pleyan an.
    OSWA
  • Gen sikonstans ekzijan ki egziste (paregzanp, yon kadijans sou lavi ak lanmò oswa risk pou gen domaj fizik grav).

Jan nou te eksplike sa anwo a, nou gen obligasyon pou n suiv lwa Eta New York CPLR Seksyon 4509, ki limenm presizeman pwoteje done kliyan bibliyotèk.

Si NYPL resevwa yon asiyasyon, yon manda oswa yon lòd tribinal valab ki mande l bay enfòmasyon sou yon kliyan, se lizaj nou pou n avize kliyan an pa imèl anvan nou divilge nenpòt enfòmasyon, sepandan gen sèten eksepsyon tankou si otorite yo egzije pou nou pa kontakte kliyan an, oswa si nou pa gen okenn fason pou n kontakte kliyan an.

7. Enfòmasyon Timoun

Se Lwa sou Pwoteksyon Konfidansyalite Vi Prive Timoun Anliy (COPPA) ki kontwole koleksyon enfòmasyon anliy pou timoun ki poko gen 13 lane. Si w poke gen laj 13 lane, nou pap kite w itilize sèvis nou bay anliy yo san pèmisyon paran w oswa san pèmisyon responsab legal ou, sitou si nou ka kolekte enfòmasyon pèsonèl ou otomatikman. Paran oswa responsab legal timoun ki poko gen laj 13 lane ka gade dosye Bibliyotèk pitit yo.

Paran ak responsab legal timoun ki gen ant laj 13 ak 17 lane (enklizif) ka wè dosye Bibliyotèk pitit yo tou, sepandan fòk yo gen pèmisyon pitit yo pou yo fè sa. Nou ka asosye ak sèvis tyès pati pou nou bay kontni edikatif pou timoun. Paran ak repsonsab legal yo dwe revwa règleman sou konfidansyalite vi prive sèvis sa yo anvan yo pèmèt pitit yo itilize yo. Epitou paran ak responsab legal yo ka oblije siyen fòmilè konsantman pou kolekte enfomasyon sou pitit yo anvan yo ka aksede pwogram ak sèvis ki opsyonèl yo, tankou pwogram ki mande enskripsyon yo.

Pou ka jwenn plis enfomasyon sou sekrite entènèt pou minè, tanpri gade avi Bibliyotèk la sou Sekirite Entènèt pou Timoun ak Adolesan yo.

8. Òdinatè Piblik ak Aparèy ki Konekte

Bibliyotèk la pa kenbe yon dosye sou aktivite w fè nan nenpòt òdinatè oswa pòtab Bibliyotèk la founi. Dèke w dekonekte w, nou retire kèlkeswa dosye istorik navigasyon ak dosye aktivite w fè yo. Pwochen kliyan an pa ka wè okenn enfòmasyon ki konsène w. Pou ka gen plis enfòmasyon, tanpri gade nan paj Enfòmasyon ak Detay Anplis sou Konfidansyalite Vi Prive.

Nou efase tout enfòmasyon idantifyab pèsonèl nan lespas 24 èdtan apre w fin itilize òdinatè w te rezève a. Nou kreye yon rejis anonim ki gen sèlman nimewo òdinatè a, lè rezèvasyon an ak konbyen tan sesyon an dire. Estatik sou rezèvasyon anonim sa yo rete nan sistèm nan.

Tout aparèy ki konekte ke w prete nan Bibliyotèk la (tankou tablèt, lektè elektwonik), gen yon anplwaye Bibliyotèk la ki efase istorik yo manyèlman lè w remèt aparèy la.

9. Done ak Sekirite Rezo a

Bibliyotèk la itilize pwogram lojisyèl ki siveye trafik rezo a ak aktivite ki fèt sou òdinatè a pou idantifye ak entèdi tantativ ki pa otorize pou konpwomèt teknoloji Bibliyotèk la, ikonpri anpeche pwogram malveyan, viris ak move aktè pou yo pa antre nan rezo Bibliyotèk la, oswa pou yo pa entewonp fonksyònman Bibliyotèk la. Bibliyotèk la pa eseye idantifye kliyan anpatikilye ni lizaj yo abitye fè epi li pa enstale okenn lojisyèl nan aparèy ki pou kliyan yo. Tanpri, gade nan Seksyon 2.b ("Enfòmasyon yo kolekte ak kenbe otomatikman") ak paj Enfòmasyon ak Detay Anplis sou Konfidansyalite Vi Prive pou ka gen plis klarifikasyon.

10. Pou plis enfòmasyon

Si w gen kesyon oswa enkyetid sou Règleman sou Konfidansyalite Vi Prive ak pwosedi yo, voye yon imèl pou nou tanpri nan privacy@nypl.org.

Ou ka kontakte biwo asistans nou an tou (Ask NYPL) lè w:

Anplis, ou ka jwenn enfòmasyon sou kontak jeneral NYPL nan paj Kontakte Nou an: www.nypl.org/get-help/contact-us.

Pou ka gen plis enfòmasyon sou pratik konfidansyalite vi prive NYPL anpatikilye, tanpri, al gade nan paj Enfòmasyon ak Detay Anplis sou Konfidansyalite Vi Prive nou an.

 


Arabic | العَرَبِية  ·  Bengali | বাঙালি  ·  Chinese (Simplified) | 简体中文  ·  Chinese (Traditional) | 繁體中文  ·  English  ·  French | Français  ·  Haitian Creole | kreyòl ayisyen  ·  Korean | 한국어  ·  Polish | Polski  ·  Russian | Русский  ·  Spanish | Español  ·  Urdu | اُردُو