Konfidansyalite nan Bibliyotèk Piblik New York (NYPL): Enfòmasyon ak Detay Anplis sou Konfidansyalite

 


Arabic | العَرَبِية  ·  Bengali | বাঙালি  ·  Chinese (Simplified) | 简体中文  ·  Chinese (Traditional) | 繁體中文  ·  English  ·  French | Français  ·  Haitian Creole | kreyòl ayisyen  ·  Korean | 한국어  ·  Polish | Polski  ·  Russian | Русский  ·  Spanish | Español  ·  Urdu | اُردُو


 

KESYON: Ki "tip enfòmasyon” 1/kliyan yo ka chwazi pou bay NYPL (jan yo mansyone li nan Seksyon 2.a ki nan Règleman sou Konfidansyalite Vi Prive NYPL (NYPL Privacy Policy)?

Lè w anrejistre pou gen yon kont pou sèvis Bibliyotèk nou an oswa pou w pran yon kat Bibliyotèk, nou mande w pou pataje sèten enfòmasyon avèk nou. Si w anrejistre w avèk nou, nou ofri w opòtinite pou revwa e, lè li posib, pou fè mizajou, chanje, oswa anile kèk enfòmasyon ou te ba nou. Si w dezaktive kont kat bibliyotèk ou a oswa lè w efase enfòmasyon kle yo—tankou nimewo kat Bibliyotèk ou a—ou pap kapab kontinye itilize sèten sèvis Bibliyotèk la ki egzije enskripsyon w pou itilize yo.

Pi ba a, w ap jwenn kèk tip enfòmasyon ke kliyan yo ka chwazi bay Bibliyotèk la ak kisa yo ka enkli.

  • Ransèyman Pèsonèl (Personally Identifiable Information, PII): Nenpòt ransèyman ki ka idantifye w pèsonèlman, tankou non w, adrès fizik ou, adrès imèl ou, nimewo telefòn ou, kòdba Bibliyotèk la, enfòmasyon peman, ak lòt enfòmasyon ki menm jan an.
  • Verifikasyon Rezidansyèl: Sa a se prèv enfòmasyon, kòmparegzanp lisans chofè, lòt kat idantifikasyon gouvènman an emèt ak bil sèvis piblik (utility bills) ki gen adrès postal ou make ladann (klike la a pou ka wè lis tout prèv rezidansyèl ki akaseptab) ke yo itilize pou verifye adrès ak dat nesans sèlman. Nou pa kenbe okenn lòt enfòmasyon ki soti nan dokiman verifikasyon w yo.
  • Kontni Pataje: Se lè ou itilize sèvis Bibliyotèk nou an epi w kreye nenpòt ki bagay pou w rann piblik. Kont itilizatè w la ki enskri ak nenpòt enfòmasyon ou chwazi pou afiche kapab akonpaye kontni w pataje a.
  • Enfòmasyon sou Rezo Sosyo: Se lè ou gen opsyon pou itilize kont rezo sosyo w yo epi w afiche kontni a sou paj rezo sosyo nou yo, nan sit "crowdsourcing" nou yo, oswa nan lòt kote nan Entènèt la, epi w pètèt yo pataje enfòmasyon sa a avèk nou.
  • Enfòmasyon pou Koneksyon: Se enfòmasyon tankou non itilizatè a, modpas la, ak yon seri kesyon pèsonèl sou ou ke yo mande w bay nan pwosesis pou kreye yon kont itilizatè anliy ki limenm pèmèt ou wè Dosye Bibliyotèk ou nenpòt kilè lè w konekte w nan kont ou.
  • Dosye Bibliyotèk: Ladann gen Enfòmasyon Pèsonèl ou ki gen rapò ak izaj pèsonèl ou ak materyèl Bibliyotèk la ki sikile e ki pa sikile, ikonpri sa nap site pi ba yo men ka gen plis toujou, rechèch nan bazdone òdinatè, tranzaksyon bagay entè-livre w prete, demann referans, imèl, faks, demann pou fotokopye dokiman bibliyotèk la, demann pou rezève dokiman selon tit yo, ak izaj dokiman odyo-vizyèl kòm paregzanp film ak mizik.

KESYON: Ki "tip enfòmasyon” ke NYPL ka kolekte otomatikman sou kliyan yo (jan yo mansyone li nan Seksyon 2.b ki nan Règleman sou Konfidansyalite Vi Prive NYPL?

Lè w itilize sèvis Bibliyotèk nou an, tankou sitwèb nou an ak aplikasyon mobil nou yo, sèvè òdinatè nou yo otomatikman kapte ak sovgade enfòmasyon an elektwonikman sou izaj ou fè ak sèvis Bibliyotèk la. Nap repete li ankò, nou asire pou nou kolekte kantite done minimòm ki nesesè pou sèvis nou yo fonksyone. Leplisouvan, nou pa kenbe done sa a; byenke pafwa nou konn gade done a onivo kolektif, nou pa konsantre nou sou oumenm antanke endividi. Pami egzanp enfòmasyon nou ka kolekte gen adrès Pwotokòl Entènèt (Internet Protocol, IP) ki nan òdinatè ke w itilize a; lokalizasyon jeneral ou; tip the navigatè wèb ou itilize, sistèm fonksyònman an, oswa aparèy elektwonik la; dat la, lè a, ak dire vizit ou; sitwèb ou te vizite imedyatman anvan w te rive nan pwòp sitwèb nou; paj ou vizite yo nan sitwèb nou an ak rechèch/demann ou fè oswa lòt done entèraksyon w fè. Remake ke enfòmnasyon sa a, nou kapte li onivo kolektif e nou pa kapte nan yon fason ki ka idantifye yon endividi.

Piba a, ou kapab wè kèk egzanp ki montre tip enfòmasyon nou ka kolekte otomatikman sou yon kliyan.

  • Adrès Pwotokòl Entènèt ou (IP): paregzanp, nou itilize sa a briyèvman pou nou verifye lokalizasyon w lè w aplike pou yon kat bibliyotèk dijital, sepandan nou pa kenbe li lè nou fini ak pwosesis verifikasyon an.
  • Lokalizasyon Ou: paregzanp, nou itilize sa a tou, men nou pa kenbe li, pou nou verifye lokalizasyon w lè w aplike pou yon kat bibliyotèk dijital, oswa briyèvman lè w itilize SimplyE (Aplikasyon SimplyE) oswa lòt aplikasyon mobil nou yo pou n verifye si w kalifye pou resevwa yon kat bibliyotèk.
  • Jan de Navigatè Wèb (Web Browser), Sistèm Fonksyònman, oswa Aparèy Elektwonik Ou Itilize: nou itilize done sa a onivo kolektif e li pa konsantre sou w, men nou tilize l pou n kolekte paramèt anjeneral pou n konnen kijan moun itilize pwodui dijital ak sèvis nou yo.
  • Dat, Lè al Dire Vizit Ou: nou itilize done sa a onivo kolektif e li pa konsantre sou w, sepandan nou tilize l pou n kolekte paramèt anjeneral pou n konnen kijan moun itilize pwodui dijital ak sèvis nou yo.
  • Sitwèb Ou Te Vizite Imedyatman Anvan W Te Rive nan Sitwèb Nou an: Nou pa kapte li nan okenn fason ke yo ka idantifye yon moun endividyèlman—nou itilize done sa a onivo kolektif e li pa konsantre sou w, sepandan nou tilize l pou n kolekte paramèt anjeneral pou n konnen kijan moun itilize pwodui dijital ak sèvis nou yo.
  • Paj Ou Te Gade nan Sit Wèb Nou an: nou itilize done sa a onivo kolektif e li pa konsantre sou w, sepandan nou tilize l pou n kolekte paramèt anjeneral pou n konnen kijan moun itilize pwodui dijital ak sèvis nou yo.
  • Sèten Rechèch/Demann Ou Fè oswa Lòt Done Entèraksyon w fè: nou itilize done sa a onivo kolektif e li pa konsantre sou w, men nou tilize l pou n kolekte paramèt anjeneral pou n konnen kijan moun itilize pwodui dijital ak sèvis nou yo.

KESYON: Kijan yo pral itilize enfòmasyon pèsonèl mwen e kimoun ki ka aksede enfòmasyon an? (nan Sek. 4.a)

Toudepann de sèvis espesifik ou chwazi itilize nan Bibliyotèk la, men kèk egzanp ki montre fason nou itilize enfòmasyon w defason pou n ba w sèvis sa yo.

KESYON: Kijan yo pral itilize enfòmasyon pèsonèl mwen e kimoun ki ka aksede enfòmasyon an? (nan Sek. 4.a)

Toudepann de sèvis espesifik ou chwazi itilize nan Bibliyotèk la, men kèk egzanp ki montre fason nou itilize enfòmasyon w defason pou n ba w sèvis sa yo.

  • Dosye Bibliyotèk: Dosye Bibliyotèk la se dosye ki gen non oswa lòt detay ki ka idantifye moun pèsonèlman konsènan moun ki itilize bibliyotèk la e n ap site yo, sepandan se pa tout paske ka gen lòt detay ankò, kidonk se dosye sikilasyon, rechèch bazdone òdinatè, demann referans, demann pou fè fotokopi, demann pou rezève tit, oswa izaj odyo/videyo, film oswa dosye telefonik.
  • Enfòmasyon Pèsonèl ak Verifikasyon Rezidansyèl pou Bay Kat Bibliyotèk: Si yon itilizatè chwazi pou l bay yon adrès imèl, NYPL ka itilize li pou l voye alèt nan kont yo ak lòt kominikasyon. Nou itilize Dosye Bibliyotèk pou n ede antretni koleksyon nou an epi pou verifye dosye itilizatè ki peye oswa ki pa peye amand yo.
  • Pataje Kontni, Enfòmasyon pou Koneksyon, ak Dosye Bibliyotèk la: Nou itilize enfòmasyon an jan w te pèmèt nou itilize l konfòmeman ak preferans ou te etabli yo, pou nou bay sèvis amelyore oswa pèsonalize.
  • Enfòmasyon Pèsonèl, Enfòmasyon pou Koneksyon, ak Verifikasyon Rezidansyèl: Nou itilize enfòmasyon an pou bay aksè nan e-books (liv elektwonik) atravè aplikasyon mobil nou yo.
  • Enfòmasyon Pèsonèl: Nou itilize enfòmasyon an lè nou kolekte oswa pase peman, amann, ak acha nan magazen ki vann an detay nou an.
  • Enfòmasyon Pèsonèl: Nou itilize enfòmasyon an pou administre pwomosyon ak sondaj.
  • Enfòmasyon Pèsonèl: Nou itilize enfòmasyon an pou n bay opòtinite pou moun angaje pi plis ak Bibliyotèk la atravè kanpay revandikasyon ak kanpay pou n kolekte fon.
  • Cookies: Cookies yo se ti fichye ki gen lèt ak nimewo ladan yo ke nou kenbe nan navigatè entènèt ou a oswa nan hard drive (disk di) òdinatè w la. Yo ka kenbe yo swa pou yon sèl sesyon nabigasyon oswa pli an pèmanans. Nou itilize cookies pou kolekte enfòmasyon sou aktivite navigasyon w sou entènèt la, pou n distenge w de lòt itilizatè yo, pou n bay sistèm fonksyònman, epi pou n analize izaj sèvis Bibliyotèk la. Men tip cookies nou ka itilize pou n kolekte enfòmasyon yo:
  • Cookies ki estrikteman nesesè. Gen sèten cookies ki estrikteman nesesè pou ka itilize sèvis Bibliyotèk la. Nou pa ka ba w Sèvis sa yo san tip de cookies sa a.
  • Cookies fonksyonèl. Nou itilize sa yo pou n ka rekonèt ou lè w retounen nan sèvis Bibliyotèk la. Sa a pèmèt nou pou n adapte kontni nou pou w e pou n sonje preferans ou genyen yo (paregzanp lang oswa relijyon w chwazi).
  • Cookies Pèfòmans oswa cookies Analatik. Lèfini nou itilize cookies tou pou rezon analitik defason pou n fonksyone, antretni, ak amelyore sèvis yo. Nou ka itilize pwòp cookies analitik nou oswa nou ka itilize tyès pati founisè analtik tankou Google Analytics pou n kolekte ak trete sèten done analitik an favè w. Founisè sa yo ka kolekte tou enfòmasyon sou kijan w itilize lòt sitwèb, aplikasyon, ak resous anliy yo. Ou ka opt out (chwazi pou soti) nan Google Analytics kidonk annik enstale plug-in (plòg) navigatè Google la la a.

KESYON (nan seksyon 4.a): Kijan NYPL itilize enfòmasyon mwen?

Anplis de enfòmasyon sou kont kat bibliyotèk yo, Bibliyotèk la ka itilize enfòmasyon adisyonèl pou rezon suivan yo pou l ogmante ak amelyore sèvis yo:

  • Enfòmasyon sou evènman ki gen rapò ak anrejistreman, ki gen ladann non ak adrès imèl
  • Pwogram edikasyon
    • Nou kolekte PII antanke pati pwogram ki baze sou enskripsyon
    • Nou itilize PII pou evalyasyon entèn/ekstèn
    • Nou itilize foto/videyo patisipan ki nan pwogram yo nan sitwèb nou an (avèk konsantman yo)
    • Nou itilize pwodui travay nan sitwèb nou an (avèk konsantman yo)
    • Pwogram/platfòm lojisyèl Ed tech e se gras ak sa ke NYPL oswa kliyan yo kreye yon kont oswa se gras ak sa nou bay aksè
    • Kolekte enfòmasyon pou bilten NYPL
    • Konsa nou ka bay kliyan yo aksè nan NYPL "Studio 40"(nan Bibliyotèk Fondasyon Stavros Niarchos (Stavros Niarchos Foundation Library, SNFL) e pou bay sesyon pre-fòmasyon
    • Pou pwogram leta finanse (tankou pwogram edikasyon nan lang ak alfabetizasyon)
    • Pou pwogram sèvis karyè
  • Enfòmasyon pou enskri nan pwogram ak nan klas (paregzanp ESOL, klas teknoloji, pwogram pou timoun ak jènjan)
  • Enfòmasyon anonim oswa enfòmasyon paramèt ki soti nan sondaj (sèks, revni, edikasyon), lòt done nou kolekte anonimman, e ke nou itiize onivo kolektif
  • Kominikasyon elektwonik (E-kominikasyon): Nou kolekte adrès imèl ak preferans kominikasyon elektwonik pou novye bilten nouvèl elektwonik (e-newslettrers) pou abone yo
  • Enfòmasyon sou kanpay revandikasyon: Enfòmasyon nou kolekte yo se non, adrès, ak adrès imèl pou kanpay revandikasyon; mesaj kliyan ak enfòmasyon ke nou ka voye bay otorite ki eli yo pandan kay la jan yo dekri l nan paj sitwèb revandikasyon an
  • Kolekte fon: Nou itilize non, adrès, ak istwa donasyon (istwa kat kredi, oswa lòt enstitisyon ke moun te bay don PA ladann) poun sijere montan donasyon yo
  • Sèvis tyès pati yo ka itilize enfòmasyon an selon pwòp règ pou konfidansyalite yo

Pou chak ka, lè li posib, nou avize kliyan yo kilè e kijan nou itilize enfòmasyon yo pou rezon ki konsène pwogram lan.

KESYON (nan seksyon 4.c): Kisa "pataje kontni piblikman" vle di e kijan m ka kontwole li?

Si w chwazi pou pataje kontni oswa kòmantè atravè pwogram oswa sèvis anliy nou yo, menm Kontni Pataje a ka aksesib piblikman. Ou kapab efase kèk kontni ke w pataje, sepandan gen kèk kontni pataje entèraktif ki ka pèsiste e ki ka asosye avèk ou ak/oswa ak kont itilizatè ou enskri a, menm apre ou fin fèmen kont ou a. Pi ba a w ap jwenn kèk egzanp kontni ki ka pataje piblikman.

  • Kòmantè sondaj ki anonim oswa ke yo itilize avèk pèmisyon (kòm paregzanp sitasyon anonim ou te bay lè w te reponn sondaj yo.
  • Kòmantè nan blòg (fowòm opinyon), kòmantè oswa 'likes (mwen renmen l)', ak soumisyon (kòm paregzanp 'sticky note (nòt kolan)' dijital)
  • Revizyon piblik (kòm paregzanp revizyon yo afiche sou Google Business, App Store, Google Play)
  • Foto ke nou ka pataje lè Bibliyotèk la fin gen pèmisyon pou afiche yo

KESYON (nan seksyon 5): Ki chwa mwen genyen nan koze jere enfòmasyon ki nan kont Bibliyotèk mwen?

Ou ka jere pifò enfòmasyon ki nan kont itilizatè w ki enskri oswa w ka mande yon anplwaye ede pa telefòn nan 1-917-ASK-NYPL, pa imèl ou ka voye nan gethelp@nypl.org, oswa si w ale nan yon Bibliyotèk pèsonèlman epi w pale ak anplwaye nou yo. Sistèm estokaj enfòmasyon nou konfigire nan yon defason ki ede nou pwoteje enfòmasyon an pou pa gen okenn aksidan oswa okenn destriksyon malveyan. Se pou sa nou sovgade enfòmasyon nou kolekte yo tou, selonmenm kondisyon ke nou dekri anwo yo, nan sistèm estokaj enfòmasyon an rezèv (back up storage system). Kidonk, kèlkeswa mizajou a, chanjman, oswa kèlkeswa sa w efase a nan enfòmasyon w oswa nan preferans ou yo, li gen dwa pa parèt imedyatman nan kopi enfòmasyon nou genyen yo e li ka pa soti nan sistèm estokaj enfòmasyon an rezèv nou yo jiskaske yo fè mizajou sou yo epi jiskaske yo ranplase yo.

KESYON: Kijan pou m jere kominikasyon elektwonik mwen nan Bibliyotèk la, tankou bilten elektwonik, enfòmasyon bibliyotèk, mesaj pou kolekte fon, ak lòt bagay ankò?

Gen plizyè fason w ka jere kominikasyon Bibliyotèk la ke w resevwa elektwonikman. Ou ka wè kèk egzanp pi ba a.

  • Jere abònman bilten elektwonik NYPL ou genyen an: Si w ta renmen seleksyone ki bilten elektwonik NYPL voye pou w, annik klike sou "lyen "Manage Subscriptions (Jere Abònman an) ki anba bilten elektwonik NYPL ou te resevwa a oswa klike la a.
  • Men kijan pou anile abònman bilten elektwonik NYPL ou genyen an oswa pou anile yon tip mesaj: Si w ta renmen anile abònman pou yon sèten bilten elektwonik oswa yon tip mesaj imèl ke NYLP voye pou w, annik klike "1-Click Unsubscribe (Klike 1 fwa pou anile abònman an)" ki anba imèl NYPL voye pou ou a. Yo pral retire w ladan enstantaneman.
  • Anile abònman tout imèl NYPL voye: Klike la a pou anile tout imèl NYPL voye, tankou bilten elektwonik, envitasyon pou evènman, alèt aksyon, ak mesaj pou kolekte fon..
  • Ou ka toujou kontakte Ask NYPL (Mande NYPL) pou ka gen pli senfòmasyon oswa pou ka gen enfòmasyon pou konn kijan pou seleksyone chwa w yo.

KESYON: Kijan pou m soti nan kourye postal (kourye tradisyonèl) ki gen rapò ak kòlèk fon?

Si w vle yo retire sou li spou resevwa kourye postal, tanpri kontakte friends@nypl.org.

Okazyonèlman, moun ki gen kat Bibliyotèk ka resevwa kourye postal ki gen rapò ak kat/kont bibliyotèk yo. Pou mande pou nou efase kont kat bibliyotèk ou, gade kesyon ki anwo yo konsènan Seksyon 5 nan Règleman pou Konfidansyalite.

KESYON (nan seksyon 2.b): Ki tip enfòmasyon ke yo kapte ak estoke nan kamera sekirite NYPL yo?

Nou mete kamera sekrite yo andedan—epi souvan deyò—laplipa etablisman nou yo. Imaj videyo kamera sa yo se pou sekirite Bibliyotèk la sèlman, nou kenbe yo padan 30 jou maksimòm, e si pou nou pataje yo andeyò NYPL, fòk se sèlman yon asiyasyon oswa manda ki ka fè nou bay yo, jan nou presize li nan seksyon (Seksyon 6) 'Demann Legal'nan Règleman sou Konfidansyalite nou.

KESYON (nan seksyon 3): Ki kalite done byometrik ak enfòmasyon sèvis tyès pati NYPL yo kapte?

Lè w itilize yon sèvis ke Bibliyotèk la pa posede, sèvis sa a ka kolekte done sou ou oswa sou moun ki tou pre w. Done sa a ka genyen done byometrik tèlke son vwa oswa imaj figi ke òdinatè w la oswa aparèy mobil ou a pran. Paregzanp, si w patisipe nan yon pwogram anliy etan w lakay ou, vwa oswa figi moun ki lakay ou ka anrejistre.

Bibliyotèk la pa kolekte ni li pa kontwole done ke sèvis tyès pati rekeyi. Byenke nou pran mezi pou nou verifye sèvis sa yo, asire ke w li Règleman sou Konfidansyalite nenpòt sèvis ou itilize atravè Bibliyotèk la. Tyès pati yo ka itilize done vokal ak fasyal, ansanm ak lòt done yo kolekte atravè sèvis ke Bibliyotèk la pa itilize.

KESYON: Kijan aplikasyon SimplyE a itilize enfòmasyon mwen?

REPONS: SimplyE se yon aplikasyon NYLP kreye ki gen ladann pi bon pratik kontwòl konfidansyalite ak bagay suivan yo:

  • "Yo itilize pèmisyon "camera (kamera)" lè w vle pran yon foto nimewo kat bibliyotèk ou olye pou tape li. Anpil nan kliyan nou yo deja gen kat bibliyotèk lan menm epi yo te ajoute fonksyon sa a pou fasilite moun. Imaj la pa sovgade antanke foto nan aparèy ou a. Nan nouvo aparèy yo, ou gen opsyon pou pèmèt aplikasyon an itilize fonksyon sa a. Nan modèl ki pi ansyen yo, ou ka dezaktive fonksyon sa a lè w fin telechaje aplikasyon an nan reglaj aplikasyon an.
  • Yo itilize opsyon "Location (lokalizasyon) " an sèlman pou yo verifye ke w nan Leta New York premye fwa w aplike pou yon kat bibliyotèk NYPL. Lè w enskri w pou yon kat, yo mande w aktive Location Access (Aksè Lokalizasyon). Sepandan, yo pa voye lokalizasyon GPS ou bay okenn sèvè. Si aparèy ou a pa nan Leta New York, aplikasyon mobil SimplyE a pap antame pwosesis enskripsyon an tousenpleman. Pwosesis enskripsyon an pa resevwa done ni li pa kenbe yo. Si w deja gen yon kat bibliyotèk, ou ka chwazi pou dezaktivite Aksè Lokasyon an nenpòt kilè.
  • Yo bezwen pèmisyon pou "storage (kenbe)" pou mete liv elektwonik yo telechaje nan aparèy ou a.
  • Pèmisyon "Wi-Fi"a pèmèt aplikasyon an tcheke pou wè Wi-Fi a angaje. Ou ka chwazi tou pou fè aplikasyon an itilize Wi-Fi sèlman men pa done rezo a pou aksede liv eletwonik yo.
  • Vèsyon aktyèl aplikasyon mobil SimplyE a mande pèmisyon pou itilize mikwofòn aparèy la, men sa a pa nesesè, paske SimplyE pa janm vreman aksede mikwofòn aparèy la. Sa rive poutèt yon erè nou fè; SimplyE pa bezwen pèmisyon sa a, li pa janm aksede mikwofòn aparèy la, e pwochen vèsyon an pa mande aksede li.

Deskripsyon pèmisyon ke yo wè nan deskripsyon Play Store la sou aplikasyon mobil SimplyE se deskripsyon jeneral Google sou kisa yon aplikasyon avèk pèmisyon sa yo ta ka fè. Yo pa reprezante kisa aplikasyon mobil SimplyE fè vreman. Kòm egzanp, yon aplikasyon ki gen pèmisyon pou l "pran foto ak videyo"ka itilize kamera aparèy la nenpòt kilè aplikasyon an ouvri, men SimplyE itilize li nan yon sityasyon byen presi: Lè yon kliyan vle pran yon foto kat libreri li.

Kod sous fondamantal aplikasyon mobil SimplyE disponib pou enspeksyon piblik, e nou akspete rapòbug, sitou sila ki konsène pwoblèm sekirite ak konfidansyalite. Nou pa itilize ni nou pa aksede fonksyon sa yo pou nou fè kwakeseswa apade aktivite espesifik ki dekri anwo yo.

Tanpri, pa jennen w pou kontakte NYPL si w gen plis kesyon sou aplikasyon SimplyE oswa sou nenpòt sèvis NYPL.

KESYON (nan seksyon 8): Lè mwen itilize yon òdinatè piblik NYPL oswa Wi-Fi NYPL, kisa ki rive done mwen?

Lè w fè yon rezèvasyon pou itilize yon òdinatè biwo Bibliyotèk la oswa òdinatè pòtab Bibliyotèk la, nimewo kòdba w yo, dat ak lè rezèvasyon an anrejistre pandan yon peryòd ki dire 30 jou. Lè tan sa a fin pase, done a vin anonim pou fè rapò estatistik epi nou kenbe done a endefiniman.

Lè w konekte aparèy ou a nan Wi-Fi NYPL, adrès MAC aparèy ou a ak konfimasyon ke w aksepte kondisyon sèvis yo, yo kenbe yo pandan sèt jou.

Tout trafik entènèt NYPL vin filtre pou l konfòme ak Lwa Pwoteksyon Entènèt Timoun (Children’s Internet Protection Act, CIPA). Sistèm filtraj la enskri domèn nivo elve ou vizite yo, kategori sit entènèt la, done/lè vizit la, dispozisyon an (paregzanp asavwa si yo te pèmèt ou aksede nan yon sitwèb an patikilye, elatriye), ak adrès IP sistèm ou solisite a. Nou pa suiv ni enskri kontni ki vizyalize oswa ki transfere. Nou pa kenbe Enfòmasyon Idantifyab Pèsonèl (PII) avèk done sa a: Nou retni done sa a ki pa PII (non-PII) pandan 30 jou.

KESYON (nan seksyon 10): Kijan mwen ka kontakte yon moun nan NYPL pou m poze yon kesyon sou konfidansyalite oswa kesyon sou done pèsonèl mwen ke Bibliyotèk la kenbe oswa ke founisè l yo kenbe?

Si w gen kesyon oswa dout sou Règleman sou Konfidansyalite ak pwosedi yo, voye yon imèl pou nou tanpri nan privacy@nypl.org.

Ou ka kontakte biwo asistans nou an tou (Ask NYPL):

  • Rele 917-ASK-NYPL (917-275-6975)
  • Ou ka soumèt yon kesyon nan webform nou an nan: www.nypl.org/get-help/contact-us/email
  • Ekri nou nan:
    Ask NYPL
    The New York Public Library
    SC Mezzanine
    476 Fifth Ave.
    New York, NY 10018

Anplis de sa, ou ka jwenn enfòmasyon soukontak jeneral NYPL nan sit sa a: www.nypl.org/get-help/contact-us

 


Arabic | العَرَبِية  ·  Bengali | বাঙালি  ·  Chinese (Simplified) | 简体中文  ·  Chinese (Traditional) | 繁體中文  ·  English  ·  French | Français  ·  Haitian Creole | kreyòl ayisyen  ·  Korean | 한국어  ·  Polish | Polski  ·  Russian | Русский  ·  Spanish | Español  ·  Urdu | اُردُو


 

Règleman sou Konfidansyalite Vi Prive (Privacy Policy) Bibliyotèk Piblik New York (New York Public Library)